Select Page

Photo Source: Allapattah CDC

English    I   Español

Byenvini, aplikan potansyèl, nan pòtay aplikasyon ‘Miami Open for Business’ la k ap jere gras ak Partners for Self Employment! Sou pòtay sa a ou kapab aplike pou prè atravè Prè pou Grandi Byen Antreprenè yo (Fon an “ABLE”) ansanm ak mikwo sibvansyon pou teknoloji ak ekipman (pou ti biznis ki la pou fè pwofi yo). Li pi ba a pou ka jwenn plis enfòmasyon sou òf sa yo.

Misyon prensipal ‘The Miami Foundation’ se bati yon Miami ki pi solid, ki pi ekitab epi ki pi rezistan. Atravè ‘Miami Open for Business’ (Miami Louvri pou Biznis), nou vize pou n sipòte ti òganizasyon ak òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki depi lontan pa jwenn ase sèvis nan Konte Miami-Dade pou kreye richès ak rezistans k ap dire plizyè jenerasyon.

Finanse atravè yon sibvansyon $20 milyon li te jwenn nan men Wells Fargo, yo te anonse li byen bonè nan ane sa a, pwogram nan vize bay òganizasyon ki pa la pou fè pwofi yo ak ti biznis yo mwayen pou yo achte epi posede byen komèsyal esansyèl yo, tankou teknoloji, ekipman, machin, estòk, ak pwopriyete. Finalman, pwogram nan vize asire antreprenè ki depi lontan pa ka jwenn avantaj epi ki pa ka envesti ase yo genyen yon chans ki egal pou yo bati pwosperite nan Miami yo te ede kreye a.

Pandan de (2) lane k ap vini yo, ‘The Miami Foundation’ ak patnè prè ki baze nan kominote a, ‘Partners for Self Employment’, pral bay plizyè sibvansyon ak prè. 

 

Ouvri Aplikasyon Prè yo

Anba a w ap jwenn aksè nan aplikasyon pou prè ak sibvansyon ‘Partners for Self Employment’ bay yo, se yon patnè prè ki baze nan kominote a, ak The Miami Foundation. Pou jwenn plis konsèy sou ki kote pou aplike, gade nan dyagram sa a
Prè pou Grandi Byen Antreprenè yo
(Fon an “ABLE”)
($5,000 – $100,000)
Prè pou Grandi Byen Antreprenè yo
(Fon an “ABLE”)
Òganizasyon Ki Pa La Pou Fè Pwofi
($5,000 – $100,000)
Finansman pasyan ki pa gen anpil enterè pou sipòte acha machin, estòk (sa vle di finansman kontra), pou finanse yon remodlaj/renovasyon, siksesyon biznis, oswa konvèsyon an koperativ. Yo pral prete yon total ki apeprè $2 milyon chak ane bay 30 a 50 òganizasyon. Sa gen ladan ni òganizasyon ki la pou fè pwofi ak òganizasyon ki pa la pou fè pwofi
Klike isit la pou kalifye davans. Klike isit la pou aplike.
Klike isit la pou kalifye davans. Klike isit la pou aplike.
Mikwo Sibvansyon
pou Teknoloji ak Ekipman

($100 – $20,000)
Fon pou Pwopriyete Imobilye Kolektif
(CREO)
Finansman pou sipòte acha teknoloji, tankou pyès ak lojisyèl, tankou abònman ak lisans epi machin, ekipman, zouti, ak byen ki gen rapò. Yo pral bay yon total ki anviwon $800,000 chak ane bay 40 a 60 òganizasyon ki la pou fè pwofi.

Òganizasyon ki pa la pou fè pwofi yo ta dwe aplike dirèkteman nan The Miami Foundation. 

Aplikasyon yo fèmen kounye a. Tcheke fevriye 2023 pou nouvo dat sik aplikasyon an.

 

Yon èd pou peman ki ka rive jiska $500,000 pou byen imobilye komèsyal ki pataje nan katye ak koulwa depi lontan ki pa gen anpil envestisman pou byen rasinen biznis kominotè yo ak òganizasyon ki pa la pou fè pwofi yo. Yo pral bay yon total ki apeprè $2.2 milyon chak ane bay 4 a 6 patenarya.

Tout aplikan yo ta dwe aplike dirèkteman nan The Miami Foundation.

 

Resous

Anba a w ap jwenn konsèy ki itil sou chak aplikasyon pou sibvansyon ak prè, ansanm avèk yon dokiman ki gen repons pou kesyon moun poze souvan yo (Frequently Asked Questions, FAQ). Tanpri verifye chak dokiman ak anpil atansyon pou ka ogmante chans ou genyen pou resevwa finansman an! 
GID POU
MIKWO SIBVANSYON
FICH ENFÒMASYON SOU MIKWO SIBVANSYON
GID POU
PRÈ POU GARANTI BYEN ANTREPRENÈ YO
(Fon an “ABLE”)
FICH ENFÒMASYON SOU
PRÈ POU GARANTI BYEN ANTREPRENÈ YO
(Fon an “ABLE”)
GID POU
FON POU PWOPRIYETE IMOBILYE KOLEKTIF
(CREO) 
FICH ENFÒMASYON SOU
FON POU PWOPRIYETE IMOBILYE KOLEKTIF (CREO)

KESYON MOUN POZE SOUVAN YO (FAQs)

Kesyon sou pwogram jeneral ‘Miami Open for Business’ la, sou mikwo sibvansyon pou biznis ki pa la pou fè pwofi yo, oswa sou fon pou pwopriyete imobilye kolektif? Tanpri kontakte ‘The Miami Foundation’ nan: openforbusiness@miamifoundation.org

Skip to content